KOMAN POU SIPOTE PITIT OU A POU LI APRANN YON NOUVO ENSTRIMAN
DWE PRATIKE Elèv yo dwe pratike pou yon minimòm twa a senk jou pa semèn, pou apeprè dis minit. Nou estriktire klas yo pou yo gen yon bon model pou yo pratike lakay yo, donk konsa y’ap pratike egzateman sa nou fè nan klas la. Fè yo jwe pou nou: - Pandan w’ap fè manje - Pandan reklam nan TV - Pandan w’ap vlope rad ou finn lave yo . . . a nenpòt lè!
DWE POZITIF Nan kòmansman an, enstriman sa-yo ap fè tout kalite bri! Ankouraje pitit ou a, bali yon reyaksyon pozitif, epi bayo chans pou yo jwe pou ou, pou fanmi w, epi zanmi, kelkeswa okazyon an. PRAN PASYANS EPI PESISTAN “Dousman epi fèm w’ap genyen kous la.” Pwogrè sanble ak son an deferan pou chak elèv. Si pitit ou a vinn fistre, asire pitit ou a ke li nòmal, epi mande nou èd! DWE PREZAN Montre pitit w a ke ou sipòte efò li: ale nan repetisyon ak konsè li yo, mennen anpil fanmi ak zanmi ou, aplodi trè fò, epi bayo yon lòt gwo aplodisman! |
|
|
|



